Annou Rezone Ansanm
TRINITE BONDYE msj#1Mo "Trinite ya" pa yon mo ki itilize nan Bib la. Tèm nan itilize pou dekri twa pèsòn ki fè Bondye yo: twa pèsòn ki ko-etènèlman ko-egziste ansanm kòm yon sèl. Trinite ya se yon sèl Bondye ki fèt an twa pèsòn. Malgre ke mo a pa nan Bib la, pa gen anken-n mal nan sa si yon moun ta itilize tèm "Trinite ya", li pi konpreyansib pou yon moun ta di "Trinite" pase pou’l ta di " twa pèsòn ki ko-etènèlman ko-egziste ansanm pou fòme yon sèl Bondye.”
|
"Get Ready Ministries" se yon enstitisyon ki gen pou objektif pou mobilize moun atravè yon seri de videyo sou edikasyon espirityèl ak pwofetik, ke nou espere, ka ede kretyen yo konprann matyè ki pi difisil nan pwofesi fen tan an. Objektif nou se enspire epi ankouraje pitit Bondye yo pote REZON tounen nan KÈ Legliz Jezi Kris la.
Rezon jeneralman se yon bon jan kalkil ki pèmèt lespri moun konprann byen ak mal, epi tou li pran bon jan kontwòl pou’l ka separe verite ak manti. Rezon se yo fason volontè pou moun bay sans ak sa ki egziste, pou yo itilize bon jan konprann, pou yo montre ak jistifye bagay ki pase, chanje oswa defann sa nap fè, enstitisyon ak kwayans ki baze sou ansyen ak nouvo enfòmasyon. Rezon se panse ki bay pouvwa pou jije sa k’ap fèt jodi-a, e ki kapab predi fiti rezilta yo swa pou evite yo oubyen pou anbrase yo. Senyè nou an, nan liv pwofèt Ezayi a, te envite nou nan yon moman de rezònman, lè li di: Vini kounye a, epi ann rezone ansanm, Senyè ya di: menm si peche ou yo te rouj anpil, yo dwe vini blan kou nèj; menm lè yo ta wouj ki pi fonse yo, yo dwe vini blan kou lèn mouton. (Ezayi 1:18) Nan prezantasyon sa yo, sijè tankou imaj ak mak bèt la (666), 2 temwen yo, anlèvman, setyèm jou repo Bondye a, gwo ak move jou Seyè a, elatriye ap rete nan kè prezantasyon nou an. Lè ou ap gade epi konprann ansèyman sa yo, ministè nou an ta renmen fè ou sonje ke se sèlman Bondye ki ka fè ou konnen sekrè li yo, nou menm nan ministè a nou paka fè’l! Pandan wap kontinye swiv nou, nou ankouraje w pou remèt kesyon saa bay Bondye nan lapriyè. |