Annou Rezone Ansanm
BÈT LA OUBYEN ESPRI MANTI msj#5Revelasyon 13 rasanble yon lis enfòmasyon sou bèt la. Bèt la an reyalite se karaktè prensipal ki prezante nan chapit sa-a. Si sajès ou paka louvri je’w pou’w wè kiyès ak kisa bèt la ye, mwen ka garanti’w ke imaj yo pap klè pou ou ditou. Lè yon moun pa konprann nati bèt la, sa vle di ke moun sa-a manke sajès, sajès sa-a li ka jwenn li senpleman lè’l mande Bondye ;
|
BÈT KI MONTE SOTI NAN LANMÈ-A msj#6Li klè ke bèt la te monte soti nan lanmè. Men, kòm Liv Revelasyon se yon liv ki gen anpil sekrè, nou ka konkli ke lanmè kote bèt la te soti-a gen yon siyifikasyon misterye; nan kondisyon sa-a - li obligatwa pou’n konprann senbòl dlo lanmè-a. Diksyonè Oxford defini lanmè kòm yon "pil dlo sale ki kouvri pi fò nan sifas planet la, e ki antoure tout kontinan sou tè-a." Lanmè se yon mas dlo sale. Men Pawòl Bondye-a itilize "dlo" anpil fwa sou diferan fòm parabòl...
|
IDANTIFIKASYON BÈT LA msj#71 E mwen te kanpe sou sab lanmè yo, e mwen te wè yon bèt k’ap monte soti nan lanmè a, li gen sèt tèt ak dis kòn, e sou kòn li yo dis kouwòn, e sou tèt li yo anpil non blasfèm.
2 Bèt mwen te wè a te tankou yon leyopa; e pye’l yo te menm jan ak pye yon lous, e bouch li sanble ak bouch yon lyon: e dragon an te ba’l pouvwa’l yo, ak chèz li, ak gwo otorite. Revelasyon13 :1-2
|
BÈT KI MONTE SOTI NAN TÈ-A msj#8Premye bèt la bay tout pouvwa’l yo ak dezyèm bèt la ki pral fè yon promosyon achane pou li. Promosyon sa yo pral lakoz ke kèlkeswa moun nan, piti kou gran, rich kou pòv, lib ou esklav tonbe anba gwo tantasyon k’ap kondwi ak adorasyon premye bèt ke blese mòtèl la te geri a.
E li te egzèse tout pouvwa premye bèt la devan li, e li koz latè ak tout moun ki abite ladan’l yo adore premye bèt, ke blese mòtèl la te geri a. Revelasyon 13 : 12
|
TV SE IMAJ BÈT LA msj#914 E li twonpe yo menm ki rete sou tè a avèk bann mirak sa yo ke’l te gen pouvwa pou’l fè devan je bèt la ; li di ak yo menm ki rete sou tè a, ke yo t’a dwe fè yon imaj pou bèt ki te blese ak epe a, e ki te viv lan.
15 E li te gen pouvwa pou’l bay lavi ak imaj bèt la, pou imaj bèt la te ka premyèman pale, e dezyèmman lakoz depi se moun ki pa ta adore imaj bèt la ta dwe mouri. Revelasyon 13 : 14-15
|
MAK BÈT LA 666 premye pati msj#1016 E li lakoz ke tout moun, piti kou gran, rich kou pòv, lib kou esklav, resevwa yon mak nan men dwat yo oubyen sou fwon yo.17 Pesonn pa ta dwe kapab ni achte ni vann, si se pa sila ki gen mak, non bèt la, oubyen nimewo non li. 18 Se la-a sajès la ye. Kite sila ki gen bon jan konprann*kalkile nimewo bèt la : paske se nimewo yon moun ; e nimewo sila a se sisan swasann sis.
Revelasyon 13 : 16-18
|
MAK BÈT LA 666 dezyèm pati msj#1116 E li lakoz ke tout moun, piti kou gran, rich kou pòv, lib kou esklav, resevwa yon mak nan men dwat yo oubyen sou fwon yo.17 Pesonn pa ta dwe kapab ni achte ni vann, si se pa sila ki gen mak, non bèt la, oubyen nimewo non li. 18 Se la-a sajès la ye. Kite sila ki gen bon jan konprann*kalkile nimewo bèt la : paske se nimewo yon moun ; e nimewo sila a se sisan swasann sis.
Revelasyon 13 : 16-18
|