Annou Rezone Ansanm
VERITE msj#2Verite absoliman pa gen okenn definisyon, ou ka sèlman dekouvri'l. Verite se zouti ke nou pa kapab nye, se avèl ke’n pote satisfaksyon nan lajistis. Lè yon verite byen plante, bagay ki pèmèt yon moun pran bon desizyon yo ap fè eksperyans ak libète ke Jezi li menm te pwomèt nou an:
N’a va konnen verite, e verite a va banou libète. Jan 8:32
|
DE TEMWEN YO premye pati msj#3Revelasyon 11: 3-4
3 E M'ap bay pouvwa ak de temwen’m yo, e ya pral pwofetize pandan mil de san swasant jou, yo te abiye avèk rad sak 4 Yo se de pye oliv, ak de pòtlanp ki kanpe devan Senyè tè a. Kiyès ki de temwen yo? Èske yo se 1ère Moyiz ak Eli, oubyen 2ème Enòk ak Eli, oswa 3ème de lòt pèsonalite. Youn nan twa potansyèl sa yo ap vini nan dènye jou sa yo de temwen Bondye yo.
|
DE TEMWEN YO dezyèm pati msj#4 |
Revelasyon 11: 7 di nou ke bèt la ap touye de temwen yo. Gen yon bagay ki pa finn twò klè la-a! Si de temwen yo se Jezi ak Sentespri-a, ki jan li ta fè posib, pou yo ta touye yo-a, lè nou konnen ke Jezi te mouri yon fwa men li te leve nan twazyèm jou-a, e Sentespri ya se yon Espri sa vle di pèsòn pa ka manyen’l? Ou ta ka di li enposib; ebyen, fòk nou pa fè kalkil yo twò vit. Dènye bagay ke nou pa ta renmen fè la-a se konprann Bondye menm jan moun konprann moun.
|